mardi 28 juillet 2015

Sénateur Moïse Jean-Charles, Candidat à la présidence!


                                           www.moisejeancharles28.org
                                          

20 commentaires:

  1. "L'honêteté fait l'honneur de tout homme et l'élève à sa plus haute dimension de sa dignité humaine".
    kom leader pep haitien ka fier de ou le test a ete bien passe ce matin bravo president Moise bonne chance 10 sur 10

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. Mesi pou komante ou fe a. Batay sa a ke nap mennen an se batay tout pep ayisyen kote nou vle chanjman total kapital. Nap mande ou pou pote kole ak nou nan lit sa a pou nou ka gen yon Ayiti ki rantre sou ray developman. Pale ak fanmiw e zanmiw pou pote kole ak nou nan eleksyon ki pral vini an pou yo ka vote Platfom Pitit Desalin # 28.

      Supprimer
  2. Si mwen te senpatizan Moise Jean Charles, aprè entèvyou maten an ak valery nan vision 2000 maten 1 novanm nan, mwen vin yon fou pou bèl pwomès, pwojè ak revandikasyon kandida pou prezidan pote. mwen ta swete pou tout pwomès sa yo monte vrè tab la. poun pa jwenn nan Moise yon Evans paul ki te di li vin met revandikasyon popilè a sou tab la, poutan li pran tab la li met vant li, fanm li ak fanmi li.

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. Mèsi anpil. Kenbe la! Ale pòt a pòt pou pwopaje nouvèl la pou nou kapab pran pouvwa a ki se pi bon mwayen ki genyen pou amelyore lavi pèp ayisyen. Espesyalman jèn yo k ap viv nan katye defavorize yo, fanm yo, peyizan, e tout ayisyen k ap viv ann Ayiti tankou lòtbò dlo.

      Tout moun k ap soutni Platfòm Pitit Dessalines la gen manda pou fè kanpay toupatou nan peyi a pou nou ka genyen eleksyon prezidansyèl yo nan premye tou.

      Supprimer
    2. Nap di ou mesi pou bel komante ou fe sou entrevi ke nou te genyen ak Valery Numa sou Vision 2000 lan. Se yon moman ki enpotan pou pep ayisyen an kote lap gen pou chwazi yon vre lide ki pral mete peyi a sou wout developman. Nap envitew pou pote kole ak nou nan eleksyon ki gen pou fet mwa pwochen yo. Tanpri vote Platfom Pitit Desalin # 28.

      Supprimer
  3. Salut Senateur Moise Jean Charles
    je vous ecris au nom de l'equipe de Island fm 102.9 Nassau Bahamas www.islandfmonline.com tunein island 102.9 Emission Analyse et perspective pour une interview j'avais eu opportunité de vous avoir deja a l'emission le numero dont j'avais eu ne fonctionne alors je vous ecris d'en me faire la meilleur façon de vous rejoindre

    je vous prie de bien vouloir recevoir l'expression de mes salutations patriotique

    Wilzor Antoine presentateur de Analyse et perspective de panel rendez vous island fm 102.9
    info
    wilzor252000@yahoo.fr
    wilzorantoine25@gmail.com
    242 432 4613

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. Hello Wilzor,

      Comment ca va? Merci de me contacter sur le site et egalement pour l'opportunite que vous m'avez offert la derniere fois de m'adresser aux auditeurs et auditrices de votre emission Analyse et Perspective. Certainement, je voudrais bien m'adresser a votre auditoire a chaque fois que l'opportunite se presente. Veuiilez donc contacter Alexis au 3711 1718 pour les coordinations necessaires. Merci.

      Supprimer
  4. Mwen Edès Fontaine, nèg okay, si nou pa met kontwol sou ekip Pitit Dessalines la nan sid nap echwe, kote yo mete biwo a pa gen ase vizibilite (nan dechè), moun ki nan bod la okay pa gen ase de ora e yo pa popilè. m pale sa ap Igr roosvelt de tan zantan sou sa, li di lap fe nou konn sa. m kontan paske m jwenn yn mwayen pou mesaj mwen an pase dirèk.Senateur m kwe nan konbaw la, m kwe nan pwojew yo, m kwe nan kapasitew pouw ekzekite yo, men fon pa neglije anyen poun pa pèdi eleksyon an. Jiskobou . fontaineedes@yahoo.fr

    RépondreSupprimer
  5. Mesi Edes pou remak la. Na pral travay pou nou pote korektif nan depatman an. Genyen travay nap fe nan platfom nan pou ka reoganize biwo a. Pandan tan sa a nap mandew kontakte Alexis nan 3711 1718. Mesi anpil

    RépondreSupprimer
  6. Senateur moïse granmas polile pou la rekonstriksyon di gran nò saliye ou mw se sekrete jeneral reprezantan mas la

    RépondreSupprimer
  7. bonjou/ bonswa
    m se youn nan Ayisyen ki ta renmen e ki ap travay pou Moïse JC pran pouvwa a e m fè kanpay pou platfòm pitit Dessalines nan.
    Nan sousi pou m enfòme ekip la sou reyalite komin Janrabèl, m ap atire atansyon nou sou Bodmè Janrabel ak gwo sab, kote moun ki gen kat yo ap blije mache plizyè èdtan pou y al vote. Alòs, se bis kandida yo konn mete disponib pou transpòte moun yo al vote.Boutofen, si n pa fè sa n ap pèdi anpil vòt. 28 jiskobou

    RépondreSupprimer
  8. bonjou/ bonswa
    m se youn nan Ayisyen ki ta renmen e ki ap travay pou Moïse JC pran pouvwa a e m fè kanpay pou platfòm pitit Dessalines nan.
    Nan sousi pou m enfòme ekip la sou reyalite komin Janrabèl, m ap atire atansyon nou sou Bodmè Janrabel ak gwo sab, kote moun ki gen kat yo ap blije mache plizyè èdtan pou y al vote. Alòs, se bis kandida yo konn mete disponib pou transpòte moun yo al vote.Boutofen, si n pa fè sa n ap pèdi anpil vòt. 28 jiskobou

    RépondreSupprimer
  9. Che Kamarad,

    Mesi pou remak ou fe a paske li gen tout enpotans li. Map pale ak staf mwen pou yo kapab rezoud pwoblem sa a. Map diw mesi pou bon travay ke wap fe nan zon nan e map pwofite diw tou pou nou kontinye ak mobilizasyon an pou nou kapab genyen depi nan premye tou. Bon kouraj nan batay la.

    RépondreSupprimer
  10. Bonjou kamarad, mwen se neg Gonayiv: mwen swetew mete anpil atansyon sou komin lan, paske gen anpil volonte kap Travay pou platfom lan San yo pa menm idantifye yo. Selman sa nou bezwen se pouw rete fidel nan batay wap mennen an, kenbe la kontinye pa vann lit pep la...se rezon sa kife nou atache nou avew....siw ta gen entansyon kite sa gentan mete pep la okouran ....mesi. Fredo Herard Gonayivyen natif natal....

    RépondreSupprimer
  11. Bonjou kamarad, mwen se neg Gonayiv: mwen swetew mete anpil atansyon sou komin lan, paske gen anpil volonte kap Travay pou platfom lan San yo pa menm idantifye yo. Selman sa nou bezwen se pouw rete fidel nan batay wap mennen an, kenbe la kontinye pa vann lit pep la...se rezon sa kife nou atache nou avew....siw ta gen entansyon kite sa gentan mete pep la okouran ....mesi. Fredo Herard Gonayivyen natif natal....

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. Bonswa kamarad e militan. Mwen byen kontan opotinite mwen genyen poum adresew jodya a. Avan tout bagay, map remesyew pou travay ke wap fe nan Site lendepamdans la nan non Platfom Pitit Desalin #28 e nan non pep Ayisyen an alawondade. Mwen gen plis ke 25 lane depi map batay pou pep ayisyen jwenn yon lavi miyo e mwen konsanti anpil sakrifis pou sa. Pandan ke mwen nan batay sa a toujou gen wo e gen ba ladanl men mwen pa janm dekouraje travay pou peyim paske mwen kwe nan chanjman...mwen pa deside vann lit pep la e mwen pa kwe ke map janm fe chwa sa a paske mwen deja fe twop sakrifis pou koz pep la poum ta abandone jodya a. Sa map mandew se rete mobilize sou teren an paske viktwa a se pou pep ki oganize. Mesi anpil

      Supprimer
    2. Bonswa kamarad e militan. Mwen byen kontan opotinite mwen genyen poum adresew jodya a. Avan tout bagay, map remesyew pou travay ke wap fe nan Site lendepamdans la nan non Platfom Pitit Desalin #28 e nan non pep Ayisyen an alawondade. Mwen gen plis ke 25 lane depi map batay pou pep ayisyen jwenn yon lavi miyo e mwen konsanti anpil sakrifis pou sa. Pandan ke mwen nan batay sa a toujou gen wo e gen ba ladanl men mwen pa janm dekouraje travay pou peyim paske mwen kwe nan chanjman...mwen pa deside vann lit pep la e mwen pa kwe ke map janm fe chwa sa a paske mwen deja fe twop sakrifis pou koz pep la poum ta abandone jodya a. Sa map mandew se rete mobilize sou teren an paske viktwa a se pou pep ki oganize. Mesi anpil

      Supprimer
  12. Senateur m felisitew pou lansman kanpay la, pa gad sou sa o kontrè se yon mwayen pouw double efo. m santi leader pitit Dessalines la manke defann kandida au senat, depute li yo, atansyon! atansyon! neg yo pa inosan. m konnen ou se yon gran defensè, men m santi ou neglije yo mediatiquement. soyez prudent

    RépondreSupprimer
  13. mwen souhaite lew monte sou pouvwa en 2017 chans en or Nelson Mandella ke pep ayisyen te bay Aristide la, ou profite de li, pa al kite orgueil lot klan pouw kite pep la nan mize noir saa, 5 ans pap sifi pou realize tout bagay men siw evite ere tout lot chef ki pase yo, pati ya ka dirije pou lontan. bon konba!!!

    RépondreSupprimer
  14. Mw kwè nou nn dezyem tou, senatè jiskobou

    RépondreSupprimer